James Harrison: Yon Donè ki te Bay plis pase 1,000 pochèt san ki sove lavi plis pase 2 milyon ti bebe.
James Harrison: Yon Donè ki te Bay plis pase 1,000 pochèt san pou sove lavi plis pase 2 milyon ti bebe. Konbit San Pou San (KSPS) felisite ak salye memwa James Harrison (27 desanm 1936 – 17 fevriye 2025), yon Ostralyen ki te dedye lavi li pou sove lavi lòt moun. Gras ak jès senp li, plizyè milyon tibebe atravè mond lan te jwenn yon chans pou yo viv. Istwa li se pa sèlman yon bèl lekti, men li se yon sous enspirasyon pou nou tout! Yon Moun Ki Te Chwazi Bay Lavi James Harrison te resevwa yon transfizyon san apre yon operasyon lè li te gen 14 an. Li te fè yon gwo pwomès: dèske lavi l te sove, li menm tou l ap bay san pou l ka ede lòt moun. A 18 an, li te kòmanse bay san, epi li pa t janm sispann pandan plis pase 60 ane! Li te gen yon antikò ra (Anti-D) ki te ede devlope yon tretman kont maladi Rh, ki t ap touye plizyè santèn milye tibebe chak ane. Mèsi ak jenewozite li, plis pase 2 milyon tibebe te sove! James Harrison te mouri 17 fevriye 2025, a laj 88 an, men eritaj li ap viv pou tout tan. Yon Egzanp Nou Ka Swiv Jès James Harrison fè a te senp, men li te gen yon enpak ekstraòdinè. E si ou menm tou ou te pran angajman pou ou ede? Ou ka paka bay 1,000 pochèt san pandan lavi ou, menm jan ak Harrison, men, ou ka bay yon fwa chak 3 a 4 mwa, epi fè sa vin tounen yon abitid. Si w pa ta elijib ou ka ankouraje lòt moun nan fanmi w ak kominote w pou yo patisipe. Konbit San Pou San (KSPS) envite ou medite sou istwa James Harrison epi swiv tras li, nan nivo ou kapab! Bay san, se bay lavi. Se yon jès ki pa koute ou plis ke yon ti tan , men ki ka sove lavi plizyè moun. Ou menm tou, ou ka vin yon ewo! Nou swete ke memwa James Harrison ap kontinye enspire chak moun pou yo fè yon jès senp, men ki gen yon valè inestimab. An n kontinyè fè Konbit ansanm pou nou sove lavi!
Lire la suite